Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Itali sou Vyolans la nan Libi


Sylvio Berlusconi
Sylvio Berlusconi

Kantite apèl k ap mande pou lidè libyen an, Muammar Gaddafi, mete fen nan operasyon sere-boulon kont manifestan anti-gouvènmantal yo pa sispann ogmante.

Yon alye pwòch Gaddafi, an palan de premye-minis italyen an, Silvio Berlusconi, telefone lidè libyenan pou l bay konsèy pèsonèlman pou l prese mete fen nan vyolans la.

Misye Berlusconi lanse apèl sa a aprè Misye Gaddafi fè diskou televize l la kote li fè sèman li pap kite pouvwa a e li lanse avètisman bay opozan n yo pou l mande yo renonse a mouvman leve-kanpe yo a oubyen y ap gen pou fè fas ak lanmò.

Minis defans italyen an, Ignazio La Russa, fè konnen Gaddafi di Berlusconi vyolans k ap fèt nan Libi a, se vyolans kont sòlda peyi a ak kazèn yo.

XS
SM
MD
LG