Accessibility links

Breaking News

Etazini Felisite Prezidan Jovenel Moise pou Envestiti li Kòm Nouvo Chèf Deta Peyi Dayiti


Pòtpawòl Depatman Deta Ameriken an Mark Toner
Pòtpawòl Depatman Deta Ameriken an Mark Toner

Youn nan reyaksyon ki tonbe apre seremoni prestasyon sèman nouvo prezidan Jovenel Moise soti nan Depatman Deta Ameriken e ki pote siyati pòtpawòl Mark Toner.

Mesye Toner deklare: “Lèzetazini prezante konpliman li bay Prezidan Jovenel Moise pou envestiti li kòm 58èm prezidan d Ayiti. Apre yon pwosesis elektoral manch long, mete sou pasaj siklòn Matthew ki te poze anpil defi nan peyi a, pèp ayisyen an merite pou l genyen lidè ki eli demokratikman.”

Pòtpawòl Depatman Deta kontinye pou l di: "Prestasyon sèman yon prezidan eli jodi ap pèmèt Ayiti retounen anba rejim demokratik e konstitusyonèl la. Se avèk enpasyans nap tann pou n travay ak prezidan ayisyen ki fèk monte sou pouvwa a. Se konsa tou nap tann pou n travay ak lidè nan tout nivo gouvènman an pandan yo pral travay pou garanti stabilite ak pwosperite nan peyi a.”

Mesye Toner fini pou l di: "Nou, peyi Etazini, nou reyafime angajman nou vizavi pèp ak gouvènman peyi d Ayiti a."

XS
SM
MD
LG