Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Biden sou Anilasyon Roe v. Wade: 'Se Yon Jou Tris Pou Kou Siprèm nan ak Peyi a'


Prezidan Joe Biden pran la pawol nan Lamezonblanch nan Washington, Vandredi 24 Jyen 2022.
Prezidan Joe Biden pran la pawol nan Lamezonblanch nan Washington, Vandredi 24 Jyen 2022.

Prezidan Joe Biden deklare Vandredi "se yon jou tris pou Kou Siprèm nan ak peyi a" apre tribinal ki gen plis pouvwa Ozetazini ranvèse desizyon Roe v. Wade la, yon desizyon istorik Kou Siprèm nan te pran an 1973 pou legalize avotman toupatou Ozetazini. Sepandan li sèmante "sa pa vle di nap sispann goumen."

Biden ankourajte Ameriken pou yo eli plis lidè ki va pwoteje desizyon Roe v. Wade la ak dwa fanm yo. Jiskaske sa fèt Biden di "Mwen pral fè tout sa ki nan pouvwa mwen pou'm pwoteje dwa medam yo genyen nan eta kote yo pral fè fas ak konsekans desizyon ki pibliye jodia."

Lamezonblanch tap fè preparasyon pou moman sa a depi pwojè lwa sou desizyon an te vinn piblik nan mwad Me a. Responsab yo fè chita tande ak lidè eta yo, militan, ak pwofesyonèl kap travay nan domèn swen sante a pou fè preparasyon pou yon avni san Roe v. Wade.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press.

XS
SM
MD
LG