Objektif vwayaj chèf diplomasi amerikèn nan se chache wè kijan li kapab ede amelyore relasyon ant 2 Arabi Sawoudit avèk Irak.
Sekretè Deta ameriken an, Rex Tillerson, kite Lèzetazini vandredi 20 oktòb 201 la pou l ale nan Mwayen Oryan an kote li pral patisipe nan yon rankont istorik ant otorite Arabi Sawoudit yo ak otorite Irak yo.
Objektif vwayaj chèf diplomasi amerikèn nan se chache wè kijan li kapab ede amelyore relasyon ant 2 peyi yo. Rankont sa a, ki pral ouvè sa ki rele "Reyinyon Manm Konsèy Kowòdinasyon an", se yon rankont kap fèt nan moman relasyon ant gouvènman sawoudyen an ak gouvènman irakyen an ap amelyore.
Daprè obsèvatè yo, rankont Sekretè Deta Tillerson ak otorite Irak ak Arabi Sawoudit to antre nan kad efò Lèzetazini ap fè pou l diminye enfliyans Iran sou Irak; pou sa, lap ankouraje Irak rapwoche l deplizanpli ak Arabi Sawoudit.