Accessibility links

Breaking News

Responsab Politik Peyi Elimine Nan Mondyal La Mande Antrenè Yo Dekiprevyen ?


Prezidan Nijerya a, Goodluck Jonathan, sispann seleksyon foutbòl peyi a pou l pa patisipe pandan 2 zan nan oken konpetisyon entènasyonal kòm pinisyon pou move pèfòmans Sipè Èg yo renmèt nan koup dimond la. Pòtpawòl prezidans nijeryan an di yo pral re-egzaminen tout lajan federasyon an ap resevwa epi sanksyone tout moun ki ta gen pou wè ak koripsyon. Men yon pòtpawòl federasyon an fè konnen yo poko resevwa oken nouvèl ki pale de sispansyon an. Federasyon foutbòl nijeryan an a te prezante ekskiz bay popilasyon an apre eliminasyon seleksyon nasyonal la nan premye tou Mondyal la. Si desizyon prezidan Jonathan nan ta vre, Nijerya kapab tonbe anba sanksyon FIFA pou entèferans politik. Dapre desizyon gouvènman an, Nijerya kapab pa patisipe nan pwochen rankont entènasyonal kont Madagascar a nan kòmansman mwa septanm nan pou eliminatwa koup Afrik 2012 la. FIFA di lap etidye dosye a avan li pran yon desizyon.

Nan peyi Lafrans, antrenè seleksyon nasyonal fransè a, Raymond Domenech ak prezidan federasyon foutbòl Lafrans lan, an Jean Pierre Escalettes, reponn kesyon palmantè yo sou move randman fransè nan koup dimond la. Prezidan fransè a konvoke yon sympozyòm an oktòb pwochen pou diskite fonksyonman seleksyon nasyonal la. Palmantè fransè yo ensiste pou di yo pap ankete sou movèz pèfòmans seleksyon an non plis sou taktik antrenè a adopte men pito atitid seleksyon an ak enkonpetans dirijan yo. Antrenè Domenech anonse retrèt li pou mwa pwochen. Antrenè Domenech ak Escalettes te kite palman an chat pent pou evite reponn kesyon jounalis.

Ann Itali, premye Minis Sylvio Berlusconi, pa fè anpil deklarasyon sou kalvè seleksyon Italyen an sot pase nan koup dimond la, kote li elimine depi nan premye tou a. Kèk manm nan pati premye minis la kritike responsab klub yo ki, selon yo, gen twòp jwè etranje. Kritik yo mande pou gen plis jwè natif natal nan klub yo.

Ann Angletè, 2 palmantè prezante yon mosyon pou mande yon ankèt dijans sou seleksyon anglèz la ki elimine nan 8èm de final yo. Nan lèt la, palmantè yo di twòp jwè nan lig foutbòl anglè a ap touche twò gwo lajan pou yo pa renmèt anyen nan konpetisyon an.

Antrenè seleksyon Pòtigal la, Carlos Queiroz, bò kote pa l deklare li pap demisyone malgre pòtigè yo elimine nan Mondyal la e malgre siy ki indike kòmkwa ta gen yon mezantant ant li ak vedèt seleksyon an, tankou Cristiano Ronaldo.

Antrenè seleksyon Meksik la, Javier Aguirre, demisyone nan tèt seleksyon an. Ansyen antrenè a di se li menm ki responsab defèt 3 a 1 Meksiken yo sibi devan Ajantin nan 8èm de final la.

XS
SM
MD
LG