Accessibility links

Breaking News

Responsab Mouvman Atletik Ameriken an Ouvè Yon Ankèt Sou Lance Armstrong Pou Dopaj


—Siklis Pòtigè Sergio Paulinho ranpòte 10èm etap Tour de Frans la. Luksanbourjwa Andy Schleck toujou nan tèt klasman jeneral la ak yon avans 41 sekond. Avan kous ane sa a, siklis ameriken Lance Armstrong ki ranpòte konpetisyon an 7 fwa youn apre lòt, te di li ta kontan kowopere ak otorite k ap ankete sou akizasyon dopaj k ap peze sou do l. Otorite ameriken yo deside ouvri yon ankèt apre siklis ameriken Floyd Landis, ki te pèdi tit li te ranpòte an 2006, te akize Armstrong deske li konn sèvi ak pwodui dopaj.

—Kourè sidafriken Caster Semenya ap patisipe nan premye konpetisyon n jedi 15 jiyè a nan vil Je Lappeenranta, nan Findland. Semenya, ki te ranpòte yon meday nan kous 800 mèt feminen an an Almay, te nan kanpe-lwen apre responsab yo te sispèk li ta yon gason; men finalman, tès te fin pa pwouve se yon fi li ye reyèlman. Caster Semenya pap reprezante Afrik di Sid nan chanpyona atletik afriken an akoz li te elimine nan faz kalifikatif la.

— Isit Ozetazini, ekip foutbòl balon won vil New York la, Red Bulls, siyen yon kontra ak foutbolè fransè Thierry Henry ki pral kòmanse jwe pou New York nan kad yon nouvo kontra a jedi 22 jiyè pwochen nan yon rankont amikal ant Red Bulls ak klib premyè divizyon angle Tottenham.

—Prezidan Federasyon Foutbòl Ajanten an, Erniesto Chequis Bialo, anonse li pral ofri Diego Maradona yon kontra 4 tran k ap kenbe l nan tèt seleksyon nasyonal la jis nan koup dimond Brezil 2014 la. Mesye Chequis Bialo di federasyon an pap gen yon lòt antrenè a dispozisyon l si Maradona ta refize òf la.

— Anfen, efò kontinye fèt pou transfere foutbolè brezilyen Maicon; si transfè a reyalize, misye t ap kite Inter de Milan kote l ap jwe kounye la, pou l ale nan Real Madrid. Klib espanòl sa a ofri Inter 25 milyon ewo pou transfè sa a alòske klib italyen an egzije 35 milyon. Antrenè Inter de Milan, Murinho, ta renmen wè Real Madrid ogmante òf la.

XS
SM
MD
LG