Pami diyitè etranje k ap prezan nan seremoni prestasyon sèman Michel Joseph Martelly kòm nouvo Prezidan Dayiti, genyen ansyen Prezidan ameriken William Jefferson Clinton, chèf delegasyon ofisyèl Lèzetazini ap voye asiste seremoni an; delegasyon an ap gen ladan n tou kowòdonatè espesyal afè Ayiti nan Depatman Deta a, Thomas Adams, avèk Ambasadè ameriken an nan Pòtoprens, Kenneth H. Merten.
Pami lòt gwo pèsonalite etranje k ap prezan, genyen Presidan dominiken an, Leonel Fernandez, avèk Minis Afè Etranjè fransè a, Alain Juppé.