Accessibility links

Breaking News

3 Reponsab Leta Ayisyen Ki te Siyen Kontra ak "E Power SA" Ap Gen pou Reponn Kesyon Lajistis


Enstalasyon izin elektrik E-Power nan Pòtoprens, Ayiti. Foto: 29,septanm 2010. Foto: REUTERS/ Eduardo Munoz.
Enstalasyon izin elektrik E-Power nan Pòtoprens, Ayiti. Foto: 29,septanm 2010. Foto: REUTERS/ Eduardo Munoz.

Gouvènman ayisyen an mande Biwo Kontribisyon pou l tante yon aksyon an jistis kont 3 ansyen responsab nan leta a ki te siyen yon kontra ak konpayi prive E Power SA youn nan 3 konpayi k ap vann leta elektrisite dapre yon not ki soti nan Biwo Sekretè Deta Kominikasyon an.

Nouvèl yo site desizyon sa a konsène ansyen Minis Travo Piblik Frantz Verela, Minis Finans Daniel Dorsainvil ak ansyen direktè EDH la Serge Raphael ki te siyen kontra a nan non leta ayisyen an 2008-kontra k ap ekspire an 2023.

Ministè Finans ak Travo Piblik vle renegosye kontra leta ayisyen te siyen ak 3 konpayi prive Haytrac, E-Power ak Sogener k ap vann leta elektrisite. Selon gouvènman an kontra sa yo pa defann enterè leta.

XS
SM
MD
LG