Accessibility links

Breaking News

Dapre Chèf Komisyon Entèlijans nan Chanm Reprezantan an, Devin Nunes, Gen yon 'Gwo Nyaj Gri' ki Sou Tèt Lamezon Blanch


4 nan Depite Repibliken yo nan chanm Reprezantan an Ozetazini. Prezidan Chanm Depite a, Paul Ryan ki gen agòch li Depite Steve Scalise, e sou bò dwat li Depite Kevin McCarthy, ak Tim Walberg.
4 nan Depite Repibliken yo nan chanm Reprezantan an Ozetazini. Prezidan Chanm Depite a, Paul Ryan ki gen agòch li Depite Steve Scalise, e sou bò dwat li Depite Kevin McCarthy, ak Tim Walberg.

Repibliken yo nan Kongrè a senpman admèt gen yon “gwo nyaj gri” ki, dapre Chèf Komisyon Entèlijans nan Chanm Reprezantan an, Devin Nunes, pann sou tèt Mezon Blanch la, apre Direktè Biwo Federal Envestigasyon an (FBI), James Comey, te revele ke ajans li a ap mennen ankèt sou relasyon ant Larisi ak ekip kanpay Prezidan Donald Trump la.

Mesye Comey rejte akizasyon Prezidan Trump kòmkwa Prezidan Barack Obama ta espyone li tan kou mete telefòn li sou tab ekout pandan eleksyon 2016 la. Repibliken yo nan Chanm Reprezantan an nan Kongrè a pa prèske pale de repons direktè FBI la.

XS
SM
MD
LG