Accessibility links

Breaking News

Repiblik Dominikèn: Verite Sou Aterisaj Elikoptè Ameriken yo


Afghanistan Black Hawk Boom
Afghanistan Black Hawk Boom

Aterisaj 5 elikoptè militè Ameriken nan Repiblik Dominikèn te pwovoke anpil pale anpil nan peyi a, men otorite yo di Jedi sete yon operasyon "woutin".

Antonio Heredia, ki se yon militè retrete, te di AFP, "Moun yo te kòmanse pale, panse ke se yon eskalasyon militè." Antonio abite toupre baz aeryen Puerto Plata a kote elikoptè yo te ateri a.

Zafè a te fè anpil pale anpil sou rezo sosyal yo ak an patikilye yon videyo elikoptè ki tap vole sou yon plaj Dominiken - sèl esplikasyon posib tout moun te panse se yon entèvansyon Ameriken ann Ayiti apre kidnapin te fèt sou plizyè misyonè Ameriken, ak fanmi yo (16 Ameriken ak yon Kanadyen).

Sepandan, Ministè Defans Dominiken an di nan yon deklarasyon ke aterisaj "elikoptè Ameriken nan pwovens Puerto Plata " te otorize davans". Elikoptè yo tap "fè pwovizyon gaz ".

Dapre jounal Dominiken Diario Libre, elikoptè sa yo se Black Hawks ak Boeing CH-47 Chinooks ki te soti Bahamas pou ale Pòtoriko.

Gang "400 Mawozo" a ki kenbe 17 sitwayen Nò Ameriken yo an otaj, mande $1 milyon dola pou chak moun yo kenbe prizonye, daprè enfòmasyon AFP te jwenn. Nan yon videyo ki pibliye sou rezo sosyal yo, lidè gang sa a te menase pou l egzekite otaj yo.

XS
SM
MD
LG