Pandan plizyè mwa, gwoup ame a ki te ap fè lapli e le bo tan nan Repiblik Santral Afriken an, yo te itilize teknik geriya e te plante aparèy eksplozif sou wout prensipal yo pou retade avansman fòs Minusca a.
"Twa sòlda mentyen lapè yo te fè pati yon konvwa kontenjan Bangladèch la ki tap fè yon patwouy pou pwoteksyon popilasyon an, sou aks Bouar-Bocaranga", toupre Bangui, "lè eksplozyon an te fèt".
De sòlda te blese grav yo te transpòte nan elikoptè pou tretman nan lopital Minusca a.
Nan mwa d'Out, 8 moun te pèdi lavi yo, nan eksplozyon yon min nan rejyon an, dapre sa Minusca te deklare.