Accessibility links

Breaking News

Lidè UNIR la, Clarens Renois, Sonnen Klòch Avètisman an, dezespwa.


Clarens Renois lidè pati politik UNIR la
Clarens Renois lidè pati politik UNIR la

Sou sèn politik la ann Ayiti, anpil lidè ak militan leve lavwa pou yo bay opinyon yo sou kriz o-pliryè peyi a ap travèse, tou espesyalman pou yo atire atansyon sou nesesite pou Prezidan Jovenel Moise akselere pwosesis ki pou debouche sou chwa yon nouvo Premye Minis.

Sou lis entèvansyon ki fèt nan sans, nou jwenn yon lèt tou louvri (yon “lèt piblik”) lidè pati Inite Nasyonal pou Integrite ak Rekonsilyasyon, Clarens Renois, voye bay Prezidan Moise pou mande l prese pote repons pou ijans ki poze nan peyi a. Lèt sa a, daprè Misye Renois, se “yon rèl”, yon “kri dezespwa”, yon “message d’alerte” ki al jwenn chèf deta a pou di li: "Atansyon! Gen gwo danje ki menase Peyi d Ayiti…"

Entèvyou lidè politik Clarens Renois bay Jean-Pierre Leroy son yon lèt M. Renois voye bay Prez. Jovenel Moise.
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:42 0:00

Klike sou lyen anlè a pou w tande yon gwo pati nan yon entèvyou M. Renois bay Jean-Pierre Leroy.

XS
SM
MD
LG