Accessibility links

Breaking News

Yon Koudèy sou Karyè Politik Ansyen Prezidan Ayiti Réne Préval

Ansyen Prezidan ayisyen René Préval mouri vandredi 3 mas 2017 sibitman apre yon malèz. Li te gen 74 lane sou tèt li.

René Préval te fè 2 manda kòm prezidan, premye fwa a ant 1996 e 2001, e 2èm fwa a ant 2006 e 2011. Li se sèl prezidan ayisyen ki te janm fè 2 manda ann antye san yo pa t arete l, ni ekzile l ni touye l.

Anvan li te monte prezidan, Préval te travay nan èd imanitè e te ale nan inivèsite an Bèljik pou etidye agwonomi.

Li te rete Nouyòk pandan plizyè lane nan ane 70 yo, anvan li te retounen ann Ayiti kote li te travay pou Enstiti Nasyonal Resous Mineral.

Préval te pase premye minis anvan li te prezidan, kote li te travay sou Prezidan Jean-Bertrand Aristide, premye prezidan ayisyen ki te eli demokratikman.


Load more

XS
SM
MD
LG