Accessibility links

Breaking News

Rèn Elizabeth II Konplimante Travay L'ONU


Rèn britanik la, Elizabèth ΙI, pran lapawòl madi 6 jiyè 2010 la devan reprezantan eta manm Òganizasyon Nasyonzini yo nan New York kote li fè konnen pandan plis pase 60 an, òganizasyon mondyal la te pote konkou l nan travay ki fèt pou prepare repons pou danje ki menase lemond, e l’ONU fèt pou l kontinye montre klèman lap jwe yon wòl lidè nan zafè mondyal yo. Souvren britanik la fè konnen, pandan plis pase 50 an li genyen sou twòn Angletè a, li wè anpil chanjman fèt sou planet Tè a. Li temwen pwogrè ki fèt nan domèn lasyans ak teknoloji, chanjman nan konpòtman sosyal yo, e anpil nan chajman sa yo fèt non pa paske gouvènman yo te vle yo fèt, men paske sosyete nou yo te mande yo. Sepandan, Sa Majeste ensiste pou l di genyen anpil bagay enpòtan ki pa chanje –pami yo genyen objektif ak prensip ki te enspire Chat Nasyonzini an. Rèn nan di : " Objektif ak prensip ki nan Chat l’ONU an : se fè pwomosyon pou lapè entènasyonal, sekirite ak jistis ; se soulaje e elimine fado grangou, povrete ak maladi ; epi se pwoteje dwa ak libète chak sitwayen."

Rèn Elizabeth II fè konpliman pou wòl l’ONU jwe nan efò pou diminye konfli sou latè, ofri asistans imanitè kote ki gen bezwen pou sa, e fè fas ak move konsekans lamizè anpil kote nan lemond. Sepandan, Sa Majeste rekonèt gen anpil bagay ki rete pou fèt. Pandan pasaj li nan New York jou sa a, Sa Majeste Elizabeth II te rann yon omaj espesyal pou viktim atak teworis 11 septanm 2001 yo. Se konsa tou, anvan li te kite Lèzetazini pou l retounen nan vil Lond, li inogire yon mozole ki konstwi nan memwa 67 sitwayen britanik ki te pèdi lavi yo nan atak sa a.

XS
SM
MD
LG