Accessibility links

Breaking News

Transfè Lajan nan Karayib la ak Amerik Latin Konnen yon Gwo Ogmantasyon


Yon biwo Western Union nan Havana, Kiba
Yon biwo Western Union nan Havana, Kiba

Transfè lajan nan direksyon 17 peyi nan amerik latin nan ak rejyon Karayib la pran yon ogmantasyon 8 virgul 5 pousan , kote li atenn plis pase 75 milya dola pou ane 2017 la. Peyi nan amerik santral ak nan Karayib la ki ekspedye mwatye nan lajan transfè sa resanse yon kwasans 10 pousan yo menm.

Faktè ki eksplike kwasans la, sèke gen plis imigran kap voye lajan pi souvan, e sa debouche sou plis dola pa tranzaksyon. Migrasyon nan direksyon Etazuni reprezante pi gwo moso nan chif la, menmsi Chili, Lespay, Kosta Rica jwe yon wòl tou nan tranzaksyon sa yo. Migran ki soti Salvador, Guatemala ak Onduras ogmante nan kantiye lajan yap voye nan peyi yo.

Pou Ayiti kwasans pou ane 2017 la rive nan 15 pousan konpare ak 7 pou 100 pou ane 2016. Chif sa a reprezante 34 pou 100 Pwodui Nasyonal Bru peyi Dayiti. Dapre rapò sou transfè lajan Dyalòg entè ameriken parèt sou kesyon an nan dat 25 janvye 2018 la, lòt rezon ki jwe yon wòl nan ogmantasyon sa a, se fluktuasyon nan to de chanj yo, enflasyon kap vale teren mete ak yon gwo demand pou travayè etranje plis t koz ekstèn tankou evènman politik nan peyi orijinn imigran yo ak peyi dakèy yo.

Dapre direktè migrasyon Manuel Orozco, ki ekri rapò sa a, kantite lajan transfè sa yo kontinue genyen yon gwo kokenn enpak ekonomik nan anpil peyi nan amerik Latin ak nan Karayib la. Mesye Orozco remake pou sak konsène 10 peyi, transfè lajan sa yo reprezante 5 pousan nan pwodui nasyonal brut la, e nan ka pa Ayiti limenm, sa rezante yon to enpresyonan, ki se 34 pousan nan pwodui nasyonal bru peyi sa a.

XS
SM
MD
LG