Accessibility links

Breaking News

Lopital yo Ozetazini Ranpli Nèt Akoz yon Lòt Rekò nan Kantite Nouvo Ka Enfeksyon yo pou yon Sèl Jou

Pwofesyonèl ap deplase yon malad pou mete l nan yon lòt sal pou swen entansif nan United Memorial Medical Center (UMMC) nan Houston, Tekzas, 2 jiye 2020. UMMC gen renome kòm sant ki gen pi gwo kantite lopital ak laboratwa rechèch Ozetazini. Li prèske pa gen plas ankò pou malad.

Ozetazini otorite lasante yo rapòte plis pase 64 mil nouvo ka enfeksyon kowonaviris pou jounen jedi 9 jiyè 2020 an, sa ki reprezante yon chif rekò pou yon sèl jou. Kòm konsekans, sal lopital kote yo bay malad yo swen entansif fin ranpli nèt nan rejyon ki sibi plis anba pandemi an nan pati lwès ak sid peyi a; pami eta konsene yo genyen Arizona, Kalifòni, Florid avèk Tekzas.

Doktè Anthony Fauci, pi gwo espesyalis nan maladi enfektyez Ozetazini, bay gouvènè ameriken yo yon konsèy ijan pou yo ranvwaye tout desizyon pou yo ta relouvri aktivite ekonomik yo dekwa pou yo kapab bloke gwo ogmantasyon sa a nan kantite nouvo ka enfeksyon yo. Dapre yon rapò Inivèsite Johns Hopkins pibliye nan kòmansman jounen vandredi a, gen plis pase 12 milyon ka kowonaviris nan lemond; sou kantite sa a plis pase 3 milyon se ka yo anrejistre Ozetazini.

XS
SM
MD
LG