Accessibility links

Breaking News

Apèl LONU Pou Redui Pòvrete, Grangou, ak Maladi Nan Lemond


Sekretè Jeneral l ONU an, Ban Ki-moon, lanse apèl bay lidè mondyal yo pou l mande yo repete angajman yo te pran pou yo redui pòvrete, grangou, ak maladi nan lemond pandan 5 an k ap vini la yo, e pou yo fè sa yon fason pou nivo pwoblèm sa yo bese ba anpil-anpil.

Misye Ban pale konsa nan ouvèti yon somè 3 jou ki kòmanse lendi 20 septanm 2010 la nan New York e ki rasanble 140 prezidan ak premye-minis k ap pase an revi pwogrè ki fèt nan kad pwogram ki rele “Objektif Devlopman pou Milenè a", objektif l ONU te fikse nan ane 2000.

Sa lidè mondyal yo vle reyalize ak inisyastiv sa a, se chache fè pwogrè nan 8 domèn: pami yo nou jwennn efò pou fè fas ak grangou lè li rèd nan yon rejyon ou yon peyi nan lemond, redui mòtalite pami timoun ki fèk fèt yo, amelyore kalite sante manman ki fèk fè pitit yo, epi ofri timoun yo tou patou nan lemond plis posiblite pou yo fè etid primè yo.

XS
SM
MD
LG