Accessibility links

Breaking News

L'OTAN Tonbe Anba Kritik Rebèl yo nan Libi


Rebèl yo nan Libi
Rebèl yo nan Libi

Nan peyi Libi, lidè fòs rebèl yo kritike l’Otan dèske li pa reyisi lanse atak ayeryen rapid nan vil Misrata ki nan lwès peyi a, li di reta sa a lakoz lanmò yon pakèt sivil.

Abdel Fattah Younes di l’Otan te fè twò dousman, sa ki te pèmèt fòs ki lwayal anvè lidè libyen an, Moammar Khadafi gen tan vanse nan zòn nan.

Li ajoute li ka petét ankouraje lidè rebèl yo pou yo pote doleyans yo devan Konsèy Sekirite Nasyonzini an ki te otorize la fòs nan Libi pou anpeche solda gouvenman an fè sivil yo mal.

XS
SM
MD
LG