Accessibility links

Breaking News

Akò sou Dèt Nasyonal Lèzetazini an - Travay la Poko Fini


Akò sou Dèt Nasyonal Lèzetazini an - Travay la Poko Fini
Akò sou Dèt Nasyonal Lèzetazini an - Travay la Poko Fini

Lèzetazini kapab respekte obligasyon finansye li yo kounyela a san menas pou l pa kapab peye dèt li aprè Prezidan Barack Obama fin siyen yon konpwomi ak kongrè a sou nivo plafon dèt la.

Sepandan batay ak kongrè a byen kapab rekòmanse anvan lontan sou kesyon pou konnen konbyen lajan pou leta federal koupe sou depans li yo ak ki kote y ap wete lajan sa a –ki se youn nan kloz, youn nan kondisyon ki nan akò 2 pati yo rive jwenn nan.

Akò a –ki pase nan tou lè 2 chanm kongrè a e ke prezidan an siyen pou fè l tounen yon lwa aplikab imedyatman- pèmèt gouvènman ameriken an kontinye prete lajan rive jous ane 2012, a kondisyon pou l koupe prèske yon trilyon dola sou depans li yo pandan 10 zan k ap vini la yo.

Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama

Pa tèlman gen anpil palmantè ameriken ki renmen akò a. Sepandan yo tout rekonèt peyi a pa t kapab pèmèt li rive nan yon pwen kote li pa t ap gen lajan pou l fonksyone. Aprè Prezidan Obama te fin siyen dokiman an, li di :

"Kounye a Kongrè a apwouve yon kopwomi pou n redui defisi a e evite nou rive nan yon sitiyasyon kote nou pa tap ka peye dèt nou --yon bagay ki t ap devaste ekonomi an. Sete yon deba manch-long e difisil; e mwen vle remèsye pèp ameriken an poutèt li te kenbe presyon an sou otorite eli yo dekwa pou yo te mete politik sou kote e travay ansanm pou byen peyi a. Konpwomi sa a garanti yon rediksyon defisi a k ap depase 3 trilyon dola. Se yon premye pa enpòtan pou asire ke, kòm yon peyi, nou viv nan limit mwayen ekonomik nou."

Akò a kreye yon komisyon k ap genyen ladan n manm tou lè 2 pati yo e ki pral chache wete yon lòt sòm yon trilyon 500 milya dola sou defisi gouvènmantal la. Misye Obama kontinye pou l di komisyon sa a pral gen dwa anvizaje rediksyon nan tout pwogram leta federal ameriken an apiye –san bliye pwogam tankou sekirite sosyal ak plan swen sante pou gran moun aje yo ak sitwayen ki pa ka peye swen sa yo.

Sepandan li lanse avètisman pou l di pa p kapab genyen plis rediksyon nan dèt nasyonal la si pa genyen an menm tan yon ogmantasyon taks gwo konpayi yo ak ameriken rich yo ap peye –yon bagay repibliken yo pa vle tande menm-menm.

XS
SM
MD
LG