Prezidan kiben an Raul Castro pale de refòm nan yon diskou li fè devan Asanble Nasyonal la lendi premye out 2011 la nan youn nan 2 sesyon ki dewoule ane sa a. Mesye Castro bay detay sou refòm ki ka fèt nan domèn imigrasyon.
Responsab kiben yo anonse gouvènman an ap anvizaje posiblite pou yo elimine “kat blanch-la “ ki se yon fòm sitwayen kiben yo ranpli lè y ap mande pèmisyon pou yo kite peyi a. Administrasyon ansyen prezidan Fidel Castro a te mete sou pye restriksyon sou vwayaj depi nan kòmansman rejim li a.
Prezidan Raul Castro pale tou de refòm ekonomik – pami yo genyen otorizasyon pou kuben yo vann oubyen achte kay ak machinn san pwoblèm pou la premye fwa depi ane 60 yo.