Accessibility links

Breaking News

Ratman Gas Ann Ayiti


Yon manifestan lanse slogan pandan li te pote drapo Ayisyen an nan yon manifestasyon kont Prezidan Ayisyen an.
Yon manifestan lanse slogan pandan li te pote drapo Ayisyen an nan yon manifestasyon kont Prezidan Ayisyen an.

Peyi dayiti sou twazyèm semèn ni depi l ap fè fas ak yon kriz gas san parèy. Daprè otorite Ayisyen yo, kriz gas la lye ak fenomèn ensekirite a nan peyi a.

Yon lidè nan sosyete sivil la, Joseph Domingue Orgella, bay lide pou l di peyi a kapab fè fas ak sitiyasyon an. Msye Orgella di “li t ap bon pou leta enstale yon rezèv gaz nan chak depatman jewografik peyi a pou evite kalte sitiyasyon ki genyen kounye a.”

Msye Orgella ajoute peyi a pa kapab depann de yon sèl resèv gas nan kapital la Sèlman. “Se antant yo oblije fè pou pèmèt tank gaz yo travèse Martissant; se menm sitiyasyon an nan Vareux; pa konsekan livrezon gaz la mal pou fèt.”

Joseph Domingue Orgella di “trè souvan, chak kriz vini avèk yon opòtinite. Otorite yo dwe pran avantaj opòtinite ki vini ak kriz gaz la.”

Li fini pa di solisyon an se mete rezèv gaz nan chak depaman yo nan peyi a.

XS
SM
MD
LG