Accessibility links

Breaking News

Rapè Kanye West ap Pase Fèt Fendane a nan Beliz


Videyo Kanye West pibliye sou Instagram depi peyi Beliz kote lap pase joudlan ak zanmi li yo, 31 Dec. 2021.
Videyo Kanye West pibliye sou Instagram depi peyi Beliz kote lap pase joudlan ak zanmi li yo, 31 Dec. 2021.

Rapè Ameriken Kanye West ap pase joudlan nan peyi Beliz.

Misye parèt nan yon videyo sou Instagram kote li di li kontan pase fèt la nan Beliz ak zanmi ni rapè Shyne Barrow.

"Yo! mwen renmen Beliz e mwen kontan pou'm isit la ak Shyne Barrow, nap tounen talè - mwen renmen nou," Kanye di nan mesaj la.

Zile kote Kanye desann nan se zile prive J Prince, ki se responsab konpayi mizik Rap-a-Lot la, ki gen katye jeneral li nan vil Houston, eta Texas. Misye avè'l tou.

Li pa klè kisa egzakteman West ap fabrike nan Beliz men li deklare sou rezo sosyal yo ke "Nap jwi lanmè a pandan n'ap travay sou strateji nou pou ane 2022 a."

Rapè a ap divòse ak madanm ni Kim Kardashian. Yo gen 4 pitit ansanm.

Nap raple ke Kanye, ki se moun Chicago, te vizite Ayiti 25 Septanm 2020. Li te vwayaje Okap, Labadee, epi nan Il La Totu ak Prezidan Jovenel Moise, e li te deklare li ta renmen konstwi yon "vil de l'avni" sou zile a.

Ayisyen toupatou te kritike misye pou komantè sa a.

XS
SM
MD
LG