Accessibility links

Breaking News

Komisyon Endepandan Evalyasyon ak Verifikasyon Elektoral la Rekòmande Refè Eleksyon Prezidansyèl la nèt nan peyi Dayiti.


Komisyon Endepandan Verifikasyon ak Evalyasyon Elektoral 28 avril 2016 (HPN)
Komisyon Endepandan Verifikasyon ak Evalyasyon Elektoral 28 avril 2016 (HPN)

Yon mwa yon jou apre enstalasyon Komisyon Endepandan Evalyasyon ak Verifikasyon Elektoral (28 avril 2016) la, Komisyon remèt rapò lendi 30 me a travay li sou eleksyon 25 oktòb 2015 la bay prezidan pwovizwa a, Jocelerme Privert. Remiz sa a fèt nan Palè Nasyonal la, nan vil Pòtoprens, Ayiti.
Prezantasyon dokiman an, ki te dwe fèt dimanch 29 me la tonbe apre yon delè 24 trè---delè ki pwovoke anpil "suspens" atravè peyi Dayiti, sitou nan kapital ayisyèn nan kote yon ensandi eklate yè swa nan Bwa Vèna e boule rapyetè yon antrepriz marketing (Haiti Print and Sign, HPS) --pwopriyete yon responsab Pati Ayisyen Tèt Kale (PHTK), madam Valérie Timothée ak mari li, M. Patrice Milfort.
Selon Prezidan Komisyon an, misye François Benoît, "malgre lwa elektoral la sèten endividi" te pran kèk inisyativ ki vinn gate pwosesis la" ak vòt zonbi." Misye Benoît rekòmande pou omwen / nan nivo prezidansyèl / yo rekoumanse pwosesis elektoral la a "zewo". Sètadi refè eleksyon prezidansyèl la.

Lavwadlamerik ap vini ak plis eksplikasyon misye François Benoît bay pou jistifye rezon ki fè Komisyon an fè rekòmandasyon refè eleksyon prezidansyèl la "totalman".

XS
SM
MD
LG