Accessibility links

Breaking News

Rapò Etazini sou Lagè a nan Afganistan


Robert Gibbs
Robert Gibbs

Obsèvatè yo atann yo aske evalyasyon sa a pral pale de pwogrè ki fèt nan lit kont mouvmamn Taliban ak rezo Alqaida a, tandiske genyen anpil gwo defi ki rete toujou devan fòs kowalisyon an.

Prezidan Barack Obama genyen pou l bay detay sou rapò estratejik sa a, yon ane aprè li te anonse yon ogmantasyon 30 mil òm sou efektif militè Lèzetazini genyen nan Afganistan. Moun pa dwe atann yo aske rapò a anonse okenn gwo chanjman nan politik Lèzetazini vizavi Afganisatn.

Pòtpawòl Mezon Blanch la, Robert Gibbs -ki t ap abòde dosye a mèkredi 15 desanm nan-- fè konnen rapò a pap gen okenn efè sou plan administrasyon Obama a genyen pou l wete twoup militè ameriken yo nan Afganistan ane pwochèn nan.

XS
SM
MD
LG