Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Rapò Òganizasyon Eta Ameriken Sou Eleksyon 28 Novanm 2010 la Mete Chantè Popilè Joseph Michel Martélly An Dezyèm Pozisyon


Sòlda mentyen lapè Nasyonzini ka p pase devan yon mi nan Pétion-Ville ki gen non--graffiti-- Michel Martélly, jou eleksyon 28 novanm 2010 la
Sòlda mentyen lapè Nasyonzini ka p pase devan yon mi nan Pétion-Ville ki gen non--graffiti-- Michel Martélly, jou eleksyon 28 novanm 2010 la

Rapò misyon Òganizasyon Eta Ameriken yo, OEA, sou pwosesis elektoral 28 novanm Ayiti a mete kandida alaprezidans Joseph Philippe Martélly (Repons Peyizan) an dezyèm pozisyon apre Me. Mirlande Hyppolite Manigat (RDNP) devan kandida Pati Inite (pati ki sou pouvwa a) anpalan Mr. Jude Célestin. Nan rezilta preliminè eleksyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a te pibliye nan koumansman mwa desanm 2010 la (rezilta preske 12 kandida yo denonse---pami yo misye Martelly) kandida Pati Repons Peyizan an te fini bon twazyèm nan kouss la--yon pozisyon ki te elimine l la-pou-la pou dezyèm tou a.

Si otorite elektoral yo (konprann Konsèy Elektoral Pwovizwa a) aksepte rapò-revizyon pwosesis elektoral OEA a, sa ta vle di pèp ayisyen an ka wè yon dezyèm tou ant madam Manigat ak misye Martélly olye ak misye Célestin ki, dapre KEP a, te fini dezyèm nan rezilta Enstitisyon Elektoral la te pibliye mwa pase a.

Kounye a, Misyon OEA a dwe prezante rapò li bay prezidan ayisyen an, René Préval ki, nan yon deklarasyon li fè lendi swa, di li poko resevwa dokiman òganizasyon rejyonal la. Misye Préval deklare touttan li pa resevwa rapò a dirèkteman nan men ekspè Òganizasyon Eta Ameriken yo, li konsidere nouvèl sa a kòm "rimè", sètadi "bri kouri".

Dapre rapò a, espesyalis OEA yo jwenn responsab biwo'dvòt yo pat suiv kòmsadwa pwosedi yo e gen evidans ki montre zòt te fè "mank-e-melanj" nan pwosè-vèbal bilten vòt yo.

Dezyèm tou eleksyon an te fikse pou 16 janvye 2011, men avèk peryòd kontestasyon an mete ak misyon ekspè OEA yo sòt reyalize a, obsèvatè yo panse dezyèm tou a ka pa dewoule anvan mwa fevriye ka p vini an, pou pi bonè.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj Clarens Renois.

XS
SM
MD
LG