Sekretè Deta Ameriken Hillary Clinton ak Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu kòmanse chita pale sou pwosesis lapè Mwayen Oryran an nan moman gen tansyon ant Izrayèl ak Palestinyen sou repriz konstriksyon koloni pèpleman jwif yo.
Madan Clinton di li menm ansanm ak mesye Netanyahu ap diskite tout bagay nan moman y ap mete tèt pou chita pale a nan vil Nouyòk jedi 11 novanm 2010 la. Mesye Netanyahu di l ap chache fason pou rekòmanse negosyasyon ak Palestinyen yo epi jwen sa l rele yon akò istorik.
Chita pale dirèk ant Izrayelyen ak Palestinyen te bloke mwa septanm pase a apre ekspirasyon moratorium Izrayèl te mete sou konstriksyon koloni pèpleman jwif yo nan Sisjordani. Palestinyen yo kouche an kwa kont tout konstriksyon gouvènman Izrayelyen ap fè nan pòsyon tè yo konsidere avni teritwa Palestinyen an.