Accessibility links

Breaking News

Rankont Prezidan Obama ak Rèn Elizabeth


Prezidan ameriken an Barack Obama ak madanm li Michelle ak Rèn Elizabeth II ak Prince Philip nan Buckingham Palace nan Lond(AP Photo/Larry Downing, Pool)
Prezidan ameriken an Barack Obama ak madanm li Michelle ak Rèn Elizabeth II ak Prince Philip nan Buckingham Palace nan Lond(AP Photo/Larry Downing, Pool)

Prezidan Etazini an Barack Obama ak rèn Grand Bretay la boukante diskou pou selebre zanmitay Americano-Britanik la, pandan yon bankè rich yo te gen nan Palè Buckingham nan.

Prezans Mesye Obama nan Lond se nan kad yon vizit ofisyèl deta ki antre nan vire-won lidè Etazini an ap fè ann Ewòp. Nan bankè a, Prezidan Obama te mande envite yo pou yo kanpe e leve vè yo pou rèn nan ak sa l rele “relasyon espesyal” ant Etazini ak pèp britanik la. Li kalifye Grand Bretay kòm alye pi pwòch Etazini nan Irak e nan Afganistan, e nan batay kont aktivite teworis.

Li remèsye pèp britanik la pou sakrifis yo fè: "Pandan ke defi ki devan nou chanje depi nan epòk Churchill la lè nou te batay ansanm pou prezève demokrasi nou, sa k pa chanje se jan nou mache dapre prensip ki enpòtan nan demokrasi. Relasyon nou an rete baze sou lang ke n gen an komen, istwa nou ki makonnen ansanm, jan nou obsève rèy lalwa, dwa gason ak fanm, ak vrè ideyal yo ki pran nesans nan nasyon sa a. E ak tout sa a, relasyon nou an pa janm kanpe nan wout."

Rèn Elizabèth te leve vè pou santé koup Obama a e pou selebre relasyon 2 peyi yo: “Mesye Prezidan, mwen kwè tout bon ke fòs ki egziste nan relasyon nou, ak anpil enterè nou pataje, pwal kontinye asire ke lè Etazini ak Wayom Ini kanpe ansanm, pèp nou yo ak lòt pèp bòn volonte toupatou nan lemond pwal pi solid e ka gen plis pwosperite.”

Mesye Obama rankontre ak Premye-minis britanik la David Cameron e li pral pran lapawòl devan tou 2 chanm palman britanik la reyini. Palè Buckingham nan fè konnen se 2èm fwa yon prezidan Etazini fè yon vizit deta ofisyèl nan Grand Bretay.

Prezidan ki te la a anvan li a, George W. Bush, te resevwa yon akèy an gwo seremoni an 2003. Gen lòt lidè ameriken ki te vizite Grand Bretay e te rankontre Rèn Elizabeth, men san gwo seremoni detaye ak trètman wayal Prezidan Obama ak Bush jwenn nan.

Msye Obama rive nan Lond lendi 23 me 2011 la apre yon eskal nan peyi Irland. Li mete tèt pou Frans pou l ale nan yon somè gwoup G8 la e nan peyi Polòy pou l fè chita-koze ak lidè yo nan Ewòp Santral, semèn sa a.

XS
SM
MD
LG