Accessibility links

Breaking News

Rankont Prezidan Obama ak Prezidan Izrayelyen an


Prezidan ameriken an Barack Obama
Prezidan ameriken an Barack Obama

Prezidan ameriken an, Barack Obama, ap resevwa Premye-minis izraelyen an Benjamin Netanyahu, vandredi 20 me 2011 la pou sa a ki ka yon reyinyon chaje ak tansyon apre Mesye Netanyahu te kritike sevèman deklarasyon prezidan an sou pwopozisyon lizyè fwontyè Izrayèl yo.

Nan yon diskou enpòtan sou politik li pou Mwayannn Oryan an, Msye Obama fè konnen fwontyè Israel tad we baze sou liy ki te ekziste anvan gè 6 jou 1967 la, kote Izrayèl ta ka twoke kèk tè ak Palestinyen yo, yon fason pou tou le 2 peyi yo gen sekirite sou fwontyè yo ke tou le 2 pati yo ta rekonèt.

Sepandan, Mesye Netanayahu rejte deklarasyon Mesye Obama yo, kote li fè konnen Izrayèl p ap ka defann lizyè 1967 yo. Li ajoute ke si Izrayèl wete kò l nan zòn li te pran pandan gè a, li pwal kite kèk gwo koloni pèpleman juif an deyò teritwa l.

XS
SM
MD
LG