Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Rankontre AP Tokay Ris li, Vladimir Putin nan Somè G-20 an


Prezidan ameriken an, Donald Trump, adwat, ak Prezidan ris la, Vladimir Putin, agoch, nan Hamburg, Almay. 7 jiyè 2017. (Foto: Ap/Evan Vucci)
Prezidan ameriken an, Donald Trump, adwat, ak Prezidan ris la, Vladimir Putin, agoch, nan Hamburg, Almay. 7 jiyè 2017. (Foto: Ap/Evan Vucci)

Prezidan ameriken an, Donald Trump, deklare limenm ak prezidan ris la, Vladimir Putin, diskite sou tout yon seri dosye, ke li anvizaje kèk devlopman nan lavni ki byen kapab nan enterè Lèzetazini ak Larisi. Premye sitwayen ameriken di:

Mwen paka tann pou anpil bagay pozitif kòmanse devlope ant Larisi ak Etazini." Se deklarasyon sa a lokatè Lamezon Blanch lan bay nan kòmansman premye rankont ofisyèl li ak tokay ris li a, Vladimir Putin, vandredi 7 jiyè 2017 la nan peyi Almay.

Rankont sa a, rantre nan kad yon se yon diskisyon bilateral ki depase somè kap fèt nan vil Hambourg la, ann Almay, yon somè ki reyini lidè 20 pi gwo ekonomi nan lemond.

Fas-a-fas ant lidè amerilken an ak lidè ris la te chaje ak senbolism, kote Mesye Trump, ki se te yon biznisman avan li te vin prezidan Etazini, e ki pa gen twòp eksperyans nan domèn diplomatik entènasyonal, chita ak ansyen ajan sèvis espyonaj KGB Larisi a, Vladimir Putin, ki te monte sou pouvwa a nan Moskou nan sak sanble ak yon kou deta.

XS
SM
MD
LG