Accessibility links

Breaking News

Rankont ant Lapolis Ayiti ak Sen Domeng pou Diskite Sekirite sou Fwontyè a Apre Depa MINUSTAH


 Kat gewograpfik Ayiti ak Sen Domeng
Kat gewograpfik Ayiti ak Sen Domeng

Retrè pwogresif twoup Misyon Stabilizasyon l ONU yo ann Ayiti, MINUSTAH, bay responsab imigrasyon nan Repiblik dominikèn anpil kè sote. Edouard St. Jean ki baze nan kapital dominikèn nan di Lavwadlamerik dominiken yo pè pou retrè sa a pa ogmante kantite ayisyen kap eseye travèse ilegalman fwontyè ki separe 2 peyi yo.

Michel-Ange Gedeon, Direktè Polis Nasyonal Ayiti a, PNH.
Michel-Ange Gedeon, Direktè Polis Nasyonal Ayiti a, PNH.

Otorite dominikèn yo ak chèf polis Ayiti a, Michel-Ange Gedeon, te abòde dosye retrè twoup MINUSTAH yo nan yon rankont ki te dewoule samdi 22 jiyè 2017la nan lokal ministè defans dominikèn nan nan Santo Domingo.

Entèvyou kolaboratè Edouard St. Jean bay Lavwadlamerik nan mikwo Jean Pierre Leroy
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:19 0:00

XS
SM
MD
LG