Accessibility links

Breaking News

Rankont L'OTAN sou Libi


Atak sou yon chan petwòl nan Libi
Atak sou yon chan petwòl nan Libi

Peyi manm Oganizasyon Trete Atlantik Nò a (l’OTAN) kòmnase jedi 10 mas 2011 la 2 jou diskisyon sou Libi –diskisyon kote y ap chache pran yon desizyon sou posiblite pou yo tabli yon zòn entèdi kote avyon libyen pap kapab vole nan peyi a, yon fason pou mete fen nan atak avyasyon militè peyi a –k ap apiye prezidan Kadhafi-- ap lanse sou fòs rebèl yo.

Minis defans ameriken an, Robert Gates, ap patisipe nan diskisyon yo k ap dewoule nan vil Brusell, nan peyi Beljik. Dapre sa yon otorite ameriken wo-plase deklare, Misye Gates pral bay lòt minis defans yo detay sou preparasyon Lèzetazini ap fè pou l pote yon repons dijans pou sitiyasyon an nan Libi epi apiye operasyon ki sou pye pou pote asistans imanitè nan peyi sa a.

Minis defans peyi manm Inyon Ewòp la ap patisipe tou nan rankont Brusèl la.

XS
SM
MD
LG