Depatman Deta Ameriken fè konnen yon gwo responsab Etazini rankontre nan Kiba yon kontraktè ameriken ki te nan prizon depi mwa desanm 2009 anba akizasyon kòmkwa li t ap mennen aktivite espyonaj .
Pòpawòl Depatman Deta ameriken an P.J. Crowley deklare jedi 13 janvye 2011 la , gouvènman La Avann nan te bay Roberta Jacobson otorizasyon pou rankontre Alan Gross. Mesye Jacobson se Prensipal Asistan Sekretè Deta Ameriken pou afè oksidantal. Rankont sa a dewoule yon jou apre Jacobson te dirije yon delegasyon amerikèn ki t al fè chita-tande nan La Avann avèk responsab kiben yo sou kesyon imigrasyon.
Nan chita-tande avan yè mèkredi 12 janvye 2011 la, reprezantan Washington yo te soulve ka Gross la e reklame liberasyonn. Responsab La Avann yo bò kote pa yo di, Gross te anba ankèt poutèt li te vyole lwa peyi a e li te komèt krim lè li apiye sa otorite kibèn yo konsidere kòm aksyon « sibvèsiv », sa vle di manèv pou destabilize gouvènman an. Etazini rejte akizasyon kòmkwa Gross t ap fè espyonaj pou li.