Accessibility links

Breaking News

Rankont Diplomatik ant Prezidan Obama ak Prezidan Chilyen an


Prezidan ameriken an Barack Obama (foto achiv)
Prezidan ameriken an Barack Obama (foto achiv)

Prezidan ameriken an, Barack Obama, gen pou l rankontre lendi 21 mas 2011 la avèk prezidan chilyen an, Sebastian Pinera pandan l ap kontinye yon vwayaj pou fòje relasyon nan Amerik Latin nan.

2 lidè yo gen pou yo bay yon konferans pou laprès apré yo fin diskite sou kowoperasyon ekonomik, enéji ak kowoperasyon an ka dezas.

Yon tranblemanntè ki te fè anpil dega te frape peyi Chili sa gen yon lane. Yo atann aske Prezidan Obama pral felisite tranzisyon peyi Chili soti nan yon gouvènman militè pou l antre nan demokrasi kòm yon modèl pou lòt peyi nan le mond antye.

XS
SM
MD
LG