Accessibility links

Breaking News

Rankont CIRH nan Repiblik Dominikèn


Komisyon Enterimè pou Rekonstriksyon Ayiti a (CIRH) reyini aprèmidi 14 desanm 2010 la nan Sen Domeng, Repiblik Dominikèn pou manm yo te pale de travay rekonstriksyon an.

Direktè Ekzekitif komisyon an Gabriel Verret di komisyon an ap kontinye angaje l nan efò pou rebati Ayiti a kèlkeswa kandida ki ranpòte eleksyon prezidansyèl la.

Yon nòt komisyon an fè parèt di la di li enpòtan pou CIRH la kontinye travay ak objektif pou amelyore lavi pèp ayisyen an.

Pou plis detay sou rankont la, nou pran kontak ak jounalis Edouard St-Jean, ki nan Sen Domeng e ki va reponn kesyon Cherubin Dorcil.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj sa a.

XS
SM
MD
LG