Accessibility links

Breaking News

Rankont Chèf Diplomasi Etazini ak Chili


Sekretè Deta Ameriken an Hillary Clinton (AP Photo/Luis M. Alvarez)
Sekretè Deta Ameriken an Hillary Clinton (AP Photo/Luis M. Alvarez)

Sekretè Deta ameriken an Hillary Clinton konsidere 12 mwa ki sot pase yo kòm yon ane ekstrawòdinè pou Chili e li di Etazini vrèman fyè de bon jan relasyon ki egziste ant Quito ak Washington.

Sekretè Deta Clinton te pale konsa jedi 10 mas 2011 la apre yon chita-tande nan Washington ak minis afè etranjè chilyen an, Alfredo Moreno. Chèf diplomasi amerikèn nan te pwofite pou l raple tranblemnanntè (fòs 8,8) ki te frape Chili nan mwa fevriye 2010 la e ki te lakoz lanmò 500 moun.

Mesye Moreno, bò kote pa l, remèsye Etazini pou apui li pote bay peyi l apre tranblemanntè fevriye 2010 la e nan moman 33 travayè min chilyen te bloke anba tè pandan 69 jou.

Minis afè etranjè chilyen an di tou li bat bravo pou plan Prezidan Barack Obama genyen pou l al vizite Chili 21 mas k ap vini la a ; pandan vizit sa a, lidè ameriken an gen pou l fè sa madam Clinton rele yon gwo diskou sou prensip relasyon ant Etazini avèk peyi ki nan rejyon Amerik Latin nan .

XS
SM
MD
LG