Yon delegasyon nan South Command ou Kòmandman Sid nan Lame Amerikèn rankontre ak Direktè Jeneral Polis la, Michel-Ange Gédeon, nan kad yon akò sou Inisyativ Dwa Moun (HRI).
Chèf Polis la, Michel-Ange Gédeon, deklare: "Omwen, 65 pousan nan rapò kap soti chak jou nan biwo Enspeksyon Jeneral polis la pale de vyolasyon dwa moun kèk ajan polisye komèt."
Pami moun ki te prezan nan rankont sa a te gen Direktè Jeneral Polis Nasyonal la, direktè jeneral ministè jistis la ansanm ak enspektè jeneral polis ak manm delegasyon SOUTHCOM nan. Rankont la te dewoule nan dat 17 jiyè 2017 la sou objektif ranfòse patenarya entre reprezantan fòs sekirite yo, gouvènman peyi a e ak manm nan sosyete sivil la atravè akò Inisyativ Dwa Moun nan(HRI).
Mesye Gedeon di li mande delegasyon SOUTHCOM nan pou sipòte PNH la nan fòmasyon ajan li yo yon fason pou rive diminye tandans vyole dwa moun nan. "Nou pa jann rete bwa kwaze lè nou resevwa rapò ki fè nou kwè kèk polisye ta vyole dwa moun. Nou toujou pran sanksyon apwopriye kont yo," Direktè Jeneral PNH la ajoute.