Lorna Rainey kapab imajine tou senpleman kisa sa te vle di pou gran-gran-papa li te antre kòm depite nan Kongrè ameriken an nan Washington sa gen 151 lane.
Joseph Hayne Rainy, ki te pran nesans nan lesklavaj, te antre nan lokal Kapitòl la kòm premye nwa-ameriken ki te vin manm Chanm Depite a an desanm 1870 -kont tout esperans e devan sa anpil moun te ka konsidere kòm yon seri obstak ensimontab.
Lorna Rainey di Lavwadlamerik :
“Byen souvan m rete m ap panse sou kisa sa te reprezante pou li, premye jou li te antre nan Kapitol la, pou l te fe pati asanble a. E li te pou kont li, sèl nonm nwa anndan an. Gran-gran papa mwen te prepare pou l jwe wòl li nan Kongrè a. Li te genyen yon epin dòsal an asye; men tou li te tounen yon pèsonaj ki t ap deplase tout tan pandan ane li te pase nan Kapitòl la.”
Lorma Rainey te genyen 3 zan sèlman lè yon gran tant li te kòmanse rakonte l istwa plas ekstwòdinè Joseph Rainey nan listwa. Li fè konnen:
“Se yon bagay ki fasine m anpil lè m aprann ke l te sòti nan lesklavaj epi, aprè 38 tan, li te vin eli kòm depite. Kijan sa ka fèt? Ou konn yon bagay? Li te genyen anndan li yon bagay ki t ap di: “Mwen pa pral kwaze bra m; mwen pa pral kite sa, e yon fwa m va rive Washington, nou mèt ret gade pou n wè sa m pral fè.”
Menm nan moman kote Lèzetazini ap selebre Mwa Istwa Nwa yo ki pral pan fen semèn pwochèn nan, byen souvan moun pase sou silans gwo reyalizasyon pèsonèl Nwa Ameriken tankou Joseph Rayney. Jodi a, sèvis li te rann peyi a kòmanse resevwa gwo rekonesans.
Bobby Donaldson, yon pwofesè istwa nan Inivèsite Kawolin di Sid, di Lavwadlamerik:
“Joseph Rainey se yon moun ou kapab konsidere kòm pè fondatè peyi nou an. Pratikman li te ede rebati nasyon sa a aprè Lagè Sivil la e li te ede nou panse peyi aprè Emansipasyon an e pandan epòk ekstwòdinè ki rele Rekonstriksyon an.”
-------------------------------------------------------------------------------------------------
Otè atik saa se Chris Simkins.