Plizyè milye moun nan Lagrès pati kite travay yo mèkredi 5 oktòb 2011 la; yo bloke aktivite sèvis piblik yo nan kad yon gwo kokenn mouvman pwotestasyon yo mete sou pye pou yo denonse mezi osterite gouvènman an adopte dekwa pou peyi a (k ap fè fas ak yon gwo chay dèt) kapab resevwa plis asistans ekonomik entènasyonal.
Se 4 pi gwo sendika peyi a ki te lanse apèl pou mande grèv 24 trè sa a, ki bloke aktivite lekòl, tribinal, gouvènman nan nivo lokal e nasyonal. Se konsa tou, mouvman grèv la oblije yo anile plis pase 400 vòl nan ayewopò entènasyonal kapital la, Atèn.