Accessibility links

Breaking News

Pwogram Mondyal Alimantasyon Nasyonzini an Pote Manje Pou Viktim Famin yo nan Somali


PAM pote manje nan kapital Somali a, Mogadiscio, nan Ethiopia ak Kenya tou prè fwontyè yo avèk Somali
PAM pote manje nan kapital Somali a, Mogadiscio, nan Ethiopia ak Kenya tou prè fwontyè yo avèk Somali

Pwogram mondyal alimantasyon Nasyonzini an (PAM) pral kòmanse yon pon ayeryen pou lage manje nan Somali ke sechrès fin ravaje.

PAM fè konnen avyon yo pral pote manje nan kapital Somali a, Mogadiscio, nan Ethiopia ak Kenya tou prè fwontyè yo avèk Somali.

Direktris egzekitif PAM nan, Josette Sheeran di se pral premye pon ayeryen pou lage manje nan peyi sa a; depi Nasyonzini te deklare yon famin nan 2 pati nan Somali semèn pase a.

Nasyonzini di yo bezwen aksyon masiv pou sove plizyè milyon moun ki ap viv nan kòn Afrik la, pou yo pa mouri anba grangou.

USAID di gen plis ke 11 milyon moun kounye a ki nan nesesite pou yo jwen asistans ann ijans pou yo ka siviv.

Oganizasyon Nasyonzini pou agrikilti ak alimantasyon te fè yon rankont dijans sou sechrès la nan vil Wòm. Yon konferans donatè pral tanmen mèkredi 27 jiyè 2011 la nan kapital Kenya a, Nairobi.

XS
SM
MD
LG