Accessibility links

Breaking News

Pwogram 'Futurs Leaders d'Haiti' a Rive nan Fen Li nan Washington


Xitoy
Xitoy

Yon pwogram gouvènman ayisyen an te lanse nan fen mwa jen 2014 la e ki te pèmèt yon gwoup jenn etidyan swiv fòmasyon sou plas nan Washington, ap pran fen. Responsab ki konsevwa pwogram nan konsidere benefisyè yo kòm sa yon nòt ofisyèl rele “Futurs Leaders d’Haiti”, swa lidè ki va genyen pou dirije peyi a nan lavni.

Anbasadè ayisyen an nan Washington Paul Altidor
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:44 0:00
Direct link

Prezidan Michel Martelly te inogire pwogram sa a nan dat 23 jen 2014 la nan yon seremoni ki te dewoule nan palè nasyonal la an prezans Premyè Dam nan, Sophia Martelly, Minis Ayisyen kap viv a letranje yo, François Guillaume II, Anbasadè Ayisyen an nan Washington nan, Paul Altidor, Rektè Inivèsite d Eta d Ayiti a, Jean Vernet Henry, avèk antwòt responsab divès sant inivèsitè prive.

Pwogram sa a -ki dewoule anba direksyon Depatman Afè Etranjè a- se premye nan tout yon seri. Edisyon ane sa a pote non defen ekriven, sosyològ, etnològ ak diplomat ayisyen Anténor Firmin. Li te pèmèt patisipan yo resevwa fòmasyon nan anbasad d Ayiti a nan Washington e nan enstitisyon entènasyonal ki gen bon jan kowoperasyon ak misyon diplomatik la, tankou l OEA ak Bank Mondyal.

Yon nòt Biwo Kominikasyon Pezidans la ann Ayiti te fè parèt nan okazyon lansman pwogram nan, te fè konnen nan menm moman benefisyè yo tap kite Ayiti, 6 estajyè kap viv nan dyaspora a t ale travay nan administrasyon ayisyèn nan pou yo te pote kontribisyon yo bay peyi a daprè konpetans yo ak domèn aktivite yo.

XS
SM
MD
LG