Accessibility links

Breaking News

Yon Koutje Sou Istwa Mackenson Dorilas, Pwofèt Pinèz la


Nan yon atik jounal Le Nouvelliste pibliye jedi 20 septanm 2018 la, li bay kèk detay sou yon kontak otorite yo nan “Département des Cultes” -ministè ki la pou jere fonksyonnman legliz yo nan peyi a (Dekrè 19 oktòb 1878)- te pran sa pa gen lontan avèk yon pèsonalite k ap domine sèn relijye a depi kèk tan deja, an palan de dirijan L’Eglise de Dieu Les Envoyés, Mackenson Dorilas, alyas Pwofèt la, alyas Nèg Pinèz la.

Daprè nouvèl yo, otorite yo te konvoke Misye Norilas pou misye te pale ak pwòp bouch li de deklarasyon li fè e ki ta montre li genyen kèk pouvwa espesyal –an tou ka li genyen kèk don moun pa jwenn kay majorite kretyen vivan, pou n pa di kay pèsonn lòt moun sou tè sa a. Pa egzanp li ta gen pouvwa pou l rekonsilye mari ki separe ak madanm yo; rale-mennen-vini-retounen mennaj ki vle kite ak mennaj yo; don pou l konnen sa k ap pase nan lavi yon moun san moun sa a pa di l anyen sou pwoblèm li; e sitou posiblite pou l geri malad sou plas ou a distans.

Pouvwa ak don sa yo lakay Pwofèt Mackenson Dorilas tounen tèm konvèsasyon ak diskisyon preske tout kote nan Peyi d Ayiti ak Dyaspora a, sitou aprè pwofèt la te fè konnen li kapab trete maladi SIDA avèk yon melanj medikal anpirik ki gen ladan n, antwòt, 21 grenn pinèz.

Repòtè Michelson Césaire, Jounal Le Nouvelliste
Repòtè Michelson Césaire, Jounal Le Nouvelliste

Repòtè Le Nouvelliste Michelson Césaire fè konnen, aprè konvokasyon an ki te dewoule lendi 17 septanm 2018 la, si otorite yo pa fèmen L’église de Dieu Les Envoyés, Pwofèt Mackenson Dorilas “tonbe anba yon sanksyon; sè ke, anvan pou l ka rekòmanse preche yon mesaj ke li-menm sèlman t ap preche, li gen obligasyon sa a: se pou l pote bay Département des Cultes tout dokiman ki ka pwouve li gen kapasite entèlektyèl, akademik e legal pou l pratike sa otorite yo rele “pwofesi li a”. Dokiman sa yo se: sètifika fen detid segondè, diplòm etid teyolojik ak sètifika òdinasyon li; e se pou l soumèt dokiman sa yo nan yon delè 30 jou fran.

Atik la di seyans konparisyon Misye Dorilas devan otorite yo te dewoule an prezans avoka li ak lòt pèsonalite nan sektè pwotestan an. Aprè rankont la, direktè jeneral Departement des Cultes la, Evens Souffrant, te deklare:

“Nou pa t konvoke li pou n jije li, men pito pou n te poze l kesyon sou fason pou l fè pase yon mesaj ki kapab deranje fonksyonnman sosyete a e ki kapab nui Mackenson Dorilas, li menm”. Direktè jeneral la fini pa di l ap tann dokiman yo pou l analize yo byen analize anvan pou depatman an pran e anonse desizyon final li.

Daprè Le Nouvelliste, anvan piblikasyon desizyon final sa a, <<Mackenson Dorilas reprann aktivite li e misye kritike byen kritike tout moun ki te eseye mete baton nan wou li>>, sètadi anpeche li ranpli misyon pwofetik espesyal li sou tè a, pi presizeman nan Peyi d Ayiti. E, toujou selon jounal la, <<kantite "fidèl li yo" pa bese menm yon ti kras. >>

XS
SM
MD
LG