Accessibility links

Breaking News

Pwofesè Rosny Desroches Kritike Desizyon Prezidan Michel Martelly pran pou li Ranvwaye Rantre Lekòl la


Pwofesè Rosny Desroches, ki se yon ansyen minis edikasyon nasyonal e an menm tan yon direktè lekòl, kritike desizyon Prezidan Michel Martelly pran pou l ranvwaye rantre lekòl la pou mwa doktòb.

Depi kèk ane deja, ouvèti klas la fèt nan premye semenn mwa septanm. Pou Misye Desroches --ki se youn nan lidè Inisyativ Sosyete Sivil la, desizyon sa a gen konsekans ekonomik e pedagojik negatif.

Klike sou flèch ki anlè atik la pou w tande yon entèvyou pwofesè Desroches bay Jean-Pierre Leroy.

XS
SM
MD
LG