Accessibility links

Breaking News

Pwochen Visit Prezidan Chinwa a, Hu Jintao, o Zetazini


Rapò ant monè nasyonal Lèzetazini ak Lachin parèt kòm yon gwo sous tansyon ant Washington ak Peken nan moman prezidan chinwa a, Hu Jintao, ap pare l pou l fè yon visit deta o Zetazini madi 18 janvye 2011 la. 3 palmanté ameriken ki nan pati demokrat la --pati Prezidan Barak Obama a-- di yo pral entwodwi yon pwojè-lwa byen bonè lendi 17 janvye a pou yo mete presyon sou Lachin pou l kite lajan li a pran valè pi rapidman. Otorite ameriken yo di yon Yuan (an palan de lajan chinwa a) ki pi fò, t ap fè pwodwi chinwa yo vin pi chè, e sa t ap pote yon solisyon pou gwo dezekilib komèsyal ki egziste ant Lèzetazuni ak Lachin nan e ki an favè chinwa yo.

XS
SM
MD
LG