Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump anba Gwo Kritik aprè Somè li avèk Vladimir Putin


Prezidan Donald Trump (agoch) ki t ap gade piblik la pandan Prezidn Putin t ap reponn kesyon nan yon konferans pou laprès yo te bay andanm aprè somè yo a nan Helsinki, Fenland.
Prezidan Donald Trump (agoch) ki t ap gade piblik la pandan Prezidn Putin t ap reponn kesyon nan yon konferans pou laprès yo te bay andanm aprè somè yo a nan Helsinki, Fenland.

Prezidan Donald Trump di madi somè li te genyen avèk kòlèg ris li a, Vladimir Putin, nan Helsinki, Fenland, sete yon gwo zafè menmsi l ap fè fas avèk yon bann e yon pakèt akizasyon poutèt li pran menm pozisyon ak M. Putin sou enjerans Larisi nan eleksyon prezidansyèl 2016 la Ozetazini.

Sepandan lidè ameriken an tonbe anba kritik deske li kore vèsyon M. Putin sou enjerans Larisi nan vòt 2016 la e non pa vèsyon sèvis sekrè Etazini ki di ofisyèl ris yo te mele nan eleksyon an.

Prezidan Chanm Depite Lèzetazini an, Paul Ryan, ki t ap pale ak kòlèg li yo nan Kongrè anan kòmansman jounen madi 17 jiyè 2018 la. Li di: >
Prezidan Chanm Depite Lèzetazini an, Paul Ryan, ki t ap pale ak kòlèg li yo nan Kongrè anan kòmansman jounen madi 17 jiyè 2018 la. Li di: >

Nan yon nòt Prezidan Trump pibliye sou kont Twitter li, li di: "Alòske m te gen yon bèl rankont ak lidè l'OTAN yo, malgre m rive kolekte anpil lajan, m ka di rankont mwen ak Vladimir Putin te pi bèl toujou. Malerezman laprès pa rapòte sa konsa; repòtè fo nouvèl yo fin fou nèt."

Prezidan Chanm Depite ameriken an, Paul Ryan, deklare: "Ann pale klè sou sa: Larisi te mele nan eleksyon an." M. Ryan ak lòt patizan M. Trump nan Kongrè a kontinye rale zorèy li pou fason li te konpòte l bò kote Prezidan Putin nan yon konferans pou laprès yo te bay aprè somè a.

XS
SM
MD
LG