Accessibility links

Breaking News

Prezidan Lèzetazini ak Larisi Eksprime Satisfaksyon yo apre yon Rankont nan Helsinki, Peyi Lafenlandں


Prezidan Donald Trump ki tap resevwa yon balon foutbòl nan men Prezidan ris la, Vladimir Putin, nan moman yo t ap pare piu yo bay yon konferans pou laprès ansanm apre somè yo a nan Helsinki, Lafenland, nan dat 16 jiyè 2018 la. (Foto: REUTERS/Grigory Dukor).
Prezidan Donald Trump ki tap resevwa yon balon foutbòl nan men Prezidan ris la, Vladimir Putin, nan moman yo t ap pare piu yo bay yon konferans pou laprès ansanm apre somè yo a nan Helsinki, Lafenland, nan dat 16 jiyè 2018 la. (Foto: REUTERS/Grigory Dukor).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, di li pase "anpil tan" ap diskite sou entèferans Larisi nan eleksyon Lèzetazini yo pandan rankont li avèk prezidan ris la, Vladimir Putin, nan vil Helsinki, peyi Fenland; sepandan Misye Trump pa ale jiska kritike kòlèg ris li a pou afè sa a.

Nan yon konferans pou laprès Prezidan Trump bay ansanm avèk M. Putin, li di: "Nan rankont ki dewoule jodi a, m te abòde dosye entèferans Larisi nan eleksyon nou yo." Lidè ameriken an ajoute: "M panse se yon mesaj mwen voye e li te pi bon pou se mwen menm an pèsonn ki pote l."

Ajans enfòmasyon sekrè Lèzetazini di yo fin pa wè Larisi te mele nan eleksyon 2016 la. Men M. Putin, ki abòde dosye a nan jounen lendi 16 jiyè 2018 la, deklare: "Mwen oblije repete ke Larisi pa t janm mele -ni l pa gen plan non plis pou l mele- nan pwosesis elektoral prive Lèzetazini."

Prezidan Donald Trump pandan konferans pou laprès la avèk Prezidan ris la, Vladimir Putin.
Prezidan Donald Trump pandan konferans pou laprès la avèk Prezidan ris la, Vladimir Putin.

Lè laprès mande Prezidan Trump kisa li panse de kesyon entèferans etranje nan eleksyon amerikèn yo, li di li gen anpil konfyans nan Sèvis Sekrè Lèzetazini an; sepandan li atire atansyon sou le fèt ke Misye Putin te pale avèk fòs pou li rejte tout akizasyon.

M. Trump di an jeneral rankont li ak M. Putin byen pase. Li ajoute: "Rapò nou pa t janm rive nan yon nivo ki ba konsa. Men sitiyasyon sa a chanje sa gen anviwon 4 trè-d-tan." M. Putin, li-menm, di rankont la dewoule avèk franchiz e yon fason ki montre tou le 2 lidè yo te serye.

Prezidan ris la, Vladimir Putin, pandan konferans poulaprès la avèk prezidan ameriken an, Donald Trump.
Prezidan ris la, Vladimir Putin, pandan konferans poulaprès la avèk prezidan ameriken an, Donald Trump.

Kèk èdtan anvan sa M. Trump te monte sou rezo sosyal yo pou l blame moun ki, daprè li, responsab pou eta rapò aktyèl yo ak Moskou. Li te voye twit sa a: "Rapò nou ak Moskou pa t janm rive nan yon nivo ki ba konsa akoz foli ak estipidite Lèzetazini te afiche pandan dè e dè zane."

Pandan toune Prezidan Trump la sou kontinan ewopeyen an, li te gen anpil mezantant avèk alye tradisyonèl Lèzetazini yo depi nan kòmansman somè Oganizasyon Trete Atlantik Nò a (l'OTAN) nan Briksèl, Beljik. La li te rale zòrèy lidè ewopeyen yo poutèt yo pa depanse ase lajan pou defans alyans la.

XS
SM
MD
LG