Accessibility links

Breaking News

Gouvènè Pòtoriko a Mande Prezidan Trump, Bay Pòtoriken yo Menm Trètman ak Ameriken Florid ak Tekzas apre Siklòn yo


President Donald Trump speaks during a meeting with Governor Ricardo Rossello of Puerto Rico in the Oval Office of the White House, Oct. 19, 2017, in Washington.
President Donald Trump speaks during a meeting with Governor Ricardo Rossello of Puerto Rico in the Oval Office of the White House, Oct. 19, 2017, in Washington.

Pandan yon rankont ki te relativman long, gouvènè Pòtoriko a, Rocardo Rosello, lanse yon apèl prese-prese bay Prezidan ameriken an, Donald Trump, pou mande li yon trètman egal-ego pou zile a ke siklòn ravaje.

Nan rankont sa a ki te dewoule nan Lamezon Blanch-- Misye Rosello raple prezidan an Pòtoriken yo se sitwayen ameriken. Gouvènè a pale pou l di," Fè sitwayen ameriken ki nan Pòtoriko yo jwenn resous ki nesesè yo; ban nou menm trètman ou bay sitwayen yo nan Eta Tegas, Florid ak lòt kote; e lè nou va fin travèse move pas sa a, nap vin pi fò."

Yon fwa ankò, Prezidan Trump defann fason gouvènman ameriken an te reponn aprè pasaj siklòn Maria ki te devaste Pòtoriko mwa pase a. Sou yon echèl ant 1 e 10, Misye Trump di gouvènman federal la merite 10.

XS
SM
MD
LG