Accessibility links

Breaking News

Nan Pòtoriko yon Baraj Menase pou l Kraze – Leta Ap Deplase Popilasyon an


Yon anbilans kap kouri nan yon wout inonde apre pasaj siklòn Maria a sou Pòtoriko. 22 septanm 2017.
Yon anbilans kap kouri nan yon wout inonde apre pasaj siklòn Maria a sou Pòtoriko. 22 septanm 2017.

Se baraj Guajataca, nan pati nò-dwès Pòtoriko. Daprè gouvènè Ricardo Rossello, sitiyasyon an “trè grav”.

Nan pati lwès Pòtoriko, otorite yo fè konnen yo kòmanse deplase moun nan otobis osi vit ke yo kapab aprè Sèvis Nasyonal Meteo ameriken fin lanse avètisman pou di yon baraj ki rele Guajataca byen kapab kraze e koze gwo inondasyon.

Se yon baraj ki sou Lak Guajataca, nan pati nò-dwès Pòtoriko. Operatè yo fè konnen li kòmanse montre siyn li ka bay pwoblèm nan fen jounen vandredi 22 septanm 2017 la e li deja pwovoke lavalas dlo. Daprè gouvènman pòtoriken an, sitiyasyon an “trè grav”.

Yon lòt kote, Gouvènè Ricardo Rossello, ki pale nan kòmansman jounen an, deklare jiskaprezan otorite yo dekouvri pou pi piti kadav 13 moun ki mouri nan inondasyon danjere pandan pasaj siklòn Maria ki koze gwo devastasyon nan Pòtoriko.

Misye Rossello, ki pale byen bonè vandredi a ak chèn televizyon CNN, fè konnen otorite yo deja sove lavi 700 moun inondasyon te menase. Daprè li, Maria se pi move siklòn ki frape tèritwa a nan yon syèk.

XS
SM
MD
LG