Accessibility links

Breaking News

Etazini: Pòtoriko Pa Pral Jwenn Èd nan Men Washington pou l Peye Dèt li Menm Apre Pasaj Siklòn Maria


Abitan nan Bayamon, Pòtoriko ki nan liy pou yo kapab resevwa dlo apre pasaj siklòn Maria.30 septanm 2017.
Abitan nan Bayamon, Pòtoriko ki nan liy pou yo kapab resevwa dlo apre pasaj siklòn Maria.30 septanm 2017.

Direktè bidjè nan Mezon Blanch la, Mick Mulvaney, fè konnen gouvènman federal la pa pral peye dèt Pòtoriko, malgre Prezidan Donald Trump te deklare ke elimine dèt teritwa ameriken sa a antre nan kad efò pou fè l rekanpe sou pye l apre pasaj Siklòn Maria.

Mesye Mulvaney di repòtè administrasyon Trump la ap soumèt devan Kongrè a yon pwopozisyon èd pou dezas, ki gen ladann lajan pou Pòtoriko , men li ajoute, "Nou pa pwal peye dèt sa-yo.”

Sepandan, Mezon Blanch ap pare pou mande Kongrè a yon èd 29 milyon dola pou Pòtoriko ak lòt zòn ke siklòn te devaste, dapre yon otorite nan Mezon Blanch ki pa vle non l site.

XS
SM
MD
LG