Prezidan Etazini an, Donald Trump, manifeste anpil kontantman pou siksè Repibliken yo ranpòte nan kèk eleksyon palmantè ane sa a, dènye a se nan eta Jòji nan sid peyi a nan sa ki te kous ki koute plis lajan nan istwa Etazini pou yon plas nan Chanm Reprezantan an.
Vrèman vre, Repibliken yo ranpòte 4 kous, e Demokrat yo pran yon 5èm syèj. Karen Handel, yon ansyen dirijan nan Jòji, genyen eleksyon pou eta sa a, kote li ranplase Demokrat Jon Ossoff. Yon 2èm Repibliken, Ralph Norman nan eta Kawolin di Nò pran yon syèj pou l al chita nan Kongrè a.
Nan tou le 2 eta sa yo, Repibliken ki gayan yo ap ranplase Repibliken ke Mesye Trump te chwazi pou pòs kle nan administrasyon li a.
Viktwa Handel-la pèmèt Repibliken-yo kenbe yon syèj ke 2 pati yo t ap goumen pou yo pran, kidonk Repibliken yo anpeche Demokrat yo gen yon majorite nan Chanm Reprezantan an.