Accessibility links

Breaking News

Plis Prizonye Politik Kiben Rive Nan Vil Madrid


Otorite espayòl yo fè konnen 2 lòt prizonye politik kiben rive nan vil Madrid pami 52 disidan La Avàn te pwomèt pou l libere nan kad yon antant ant Lespay ak Legliz Katolik la. Otorite yo presize Omar Rodriguez ak jounalis Normando Hernandez ateri mèkredi 14 jiyè a nan kapital espayòl la avèk manm fanmi yo. Ministè afè etranjè espayòl la anonse gen 2 lòt kiben, Luis Milan ak Mijail Barzaga, ki gen pou rive Madrid jedi 15 jiyè a.

7 lòt prizonye politik kiben te rive an Espay madi pase a. Nan yon deklasyon ansyen prizonye Julio Cesar Galvez te li, li di, daprè kiben yo, liberasyon yo a make kòmansman yon nouvo peryòd nan Kiba. Advèsè politik rejim kominis la ki an libète kounye la a di yo espere sila yo ki rete nan Kiba ap gen pou yo jwi menm libète y ap jwi jounen jodi a. Depatman Deta ameriken an bat bravo pou liberasyon kiben sa yo e li mande liberasyon tout prizonye politik nan Kiba.

XS
SM
MD
LG